Chè Monsenyè,
Legliz pa nou an tris anpil poutèt jan frè ak sè nou yo an Ayiti ap soufri. Trambleman tè 7.0 la ki frape Ayiti nan 12 Janvye 2010 deja pran lavi plizye mil moun, ladan yo Achevèk Pòtoprens. Nou pa ka konnen ki kantite kay, legliz, seminè, lekòl ak lòpital oubyen dispansè ki kraze. An memn tan, genyen plizyè mil moun ki pa genyen sa yo bezwen pou viv. Lafwa nou mande pou nou lapriyè e pou nou reponn nan tan sa lè frè nou ak sé nou yo ap soufri.
Nou envite nou pou ankouraje pè kire pa w yo pou yo pran yon dezyèm ket pou pép ak legliz Ayisyen an nan fin seman sa, 16 e 17 Janvye 2010. Lajan sa ap itilize pou sipòte jefo konferans episkopal etazini ak CRS, ajans ofisyial imanitè legliz katolik etazini, pandan yo reponn pou bezwen ijans tankou dlo, manje, kay epi swen medical, e an memn tan pou bezwen rekonstri Legliz la an Ayiti.
CRS deja gen tan mete sou pye yon gwo repons ijans pou disas sa epi gen tan fé yon komitman kap komanse ak $5 milyon dola US pou ede travay nan Ayiti ki kapab kontinye pou lontan. Men sak bezwen pi vit ki posib se patispasyon pa w ak patispasyon pèp Katolik nan Etazini.
Nan fin semenn pwochen, 23-24 Janvye, plizyè diosèz ap planife pou ket pou legliz Katolik nan Amerik Latin. Ket sa vreman inpòtan pou nou ka reponn ak bezwen pastowal legliz ni an Ayiti ni nan lòt peyi nan Amerik Latin yo nan semen ak mwa kap vini yo. Nap mande w pou itilize toulede opòtinite sa yo kom yon ekspresyon solidarite e renmen nou an pou frẻ ak sẻ nou yo; fo nou ede Ayiti san nou pa bliye lòt peyi yo ki bezwen nou soladarite nou tou.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon pou jan kominote Katolik nan Etazini kap reponn ak ijans sa epi kom katolik yo nan etazini kapab ede nan CRS.org ouswa USCCB.org
Kadinal Francis George OMI
Achevòk Chicago
Prezidan, USCCB
Monsenyò Timothy M. Dolan
Direktè
CRS

![[home]](/comm/images/usccb_logo.gif)